The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


Travail EEOC, se elimine diskriminasyon nan travay. Lwa federal nan peyi-a sou diskriminasyon nan travay veye pou tout moun kap travay nan peyi sa a trete byen epi avèk jistis, epi pou yo jwenn pwoteksyon ak reparasyon yo bezwen, si yon patwon pa respekte lwa sa-a yo. Rezon EEOC fè aplike lwa sa-a yo, se pou anpeche patwon yo fè diskriminasyon ki ilegal.

FE REYEL SOU LWA KONSENAN AMERIKEN ANDIKAPE YO

Tit I Lwa 1990 sou Ameriken ki gen Pwoblèm Fizik-la -lwa ki te antre ann aplikasyon nan dat 26 jiyè 1992- defann antrepriz prive, gouvènman Eta kou gouvènman lokal, ajans ki bay travay ak sendika travay, lwa-a defann yo tout fè diskriminasyon kont moun ki kalifye paske yo gen pwoblèm fizik. Diskriminasyon sa-a kapab fèt nan pwosedi aplikasyon travay-la, nan fason yo anplwaye e revoke moun, nan pwomosyon, konpansasyon, estaj, e nan lòt kalite kondisyon, sitiyasyon ou privilèj ki gen rapò ak travay-la. Yon moun andikape se yon moun:

Yon anplwaye ou aplikan kalifye ki gen yon andikap se yon moun ki, avèk ou san aranjman pou ba li yon konfò rezonab, kapab reyalize fonksyon esansyèl travay konsène-a. Aranjman pou bay konfò rezonab-la kapab gen ladan (men se pa yon lis limite):

Yon mèt travay gen kòm devwa pou li fè aranjman ki ofri konfò ki nesesè pou yon aplikan kalifye oubyen yon anplwaye kalifye fè travay-li nòmalman, si li konnen moun sa-a gen yon andikap, e si aranjman sa-a pap pote yon "nwizans ki pa nesesè" sou dewoulman biznis mèt travay-la. Yo defini nwizans ki pa nesesè kòm yon aksyon ki fèt ak gwo difikilte ou ki mande gwo depans lè ou konsidere aksyon sa-a ansanm avèk faktè tankou gwosè biznis-la, resous finans-li, epi kalite ak estrikti operasyon-li.

Yon mèt travay pa oblije bese nan prensip sou kalite ou pwodiksyon travay-li pou fè yon anranjman ki bay konfò; se menm jan tou yon mèt travay pa oblije fè yon anplwaye jwenn Komisyon Ameriken Sou Chans Egal Nan Travay-la zouti ou ekipman pèsonèl tankou linèt oubyen aparèy ki ede moun tande (pi) byen.

EGZAMEN MEDIKAL AK ANKET

Yon mèt travay pa gen dwa poze aplikan-yo kesyon sou egzistans, kalite ou gravite yon andikap. Aplikan-yo kapab reponn kesyon sou kapasite-yo pou yo reyalize kèk fonksyon presi nan
yon travay. Yon travay yo ofri kapab depann sou rezilta yon egzamen medikal, men se si e sèlman si egzamen sa-a obligatwa pou tout anplwaye kap antre nan menm dyòb-la. Egzamen medikal anplwaye-yo fèt pou gen rapò ak travay-la e sa dwe repoze sou sa biznis-la bezwen.

ABI NAN DWOG AK ALKOL

Anplwaye ak aplikan ki mele kounye-a nan pran dwòg ilegal pa jwenn pwoteksyon anba lwa ADA-a, lè yon mèt travay pran yon desizyon ki base sou itilizasyon sibstans sa-a. Tès pou dwòg pa tonbe anba entèdiksyon ADA-a fè kont egzamen medikal. Mèt travay-yo gen dwa egzije nan men yon moun kap pran dwòg -ou ki konn bwè- menm nivo rannman li egzije nan men lòt anplwaye-yo.

KIJAN EEOC APLIKE LWA ADA-A

Nan dat 26 jiyè 1991(ou anvan dat sa-a), Komisyon Ameriken Sou Chans Egal Nan Travay-la te pibliye kèk règleman pou fè aplike dispozisyon ki nan Tit I lwa ADA-a. Dispozisyon legal-yo antre ann aplikasyon, pou premye fwa, nan dat 26 jiye 1992, e yo konsène mèt travay ki genyen 25 anplwaye ou plis. Kòmanse nan 26 jiyè 1994, yo te vin konsène mèt travay ki genyen 15 anplwaye ou plis.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT

Moun kapab ale nan nenpòt biwo rejyonal Komisyon Ameriken Pou Chans Egal Nan Travay-la pou yo pote plent kont diskriminasyon nan travay ki baze sou andikap, si zak-la te rive nan dat (ou apre dat) 26 jiyè 1992. Gen biwo rejyonal nan 50 vil ki gaye nan Etazini e yo nan pi fò annyè telefonik-yo sou ribrik Govènman Ameriken (U.S. Government). Pou moun jwenn enfòmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike, yo kapab telefone gratis nan nimewo sa-a: 800-669-EEOC. Nimewo TDD gratis EEOC se: 800-800-3302.

Si yo fè diskriminasyon kont ou poutèt ou gen yon andikap, ou gen dwa resevwa yon dedomajman ki pou mete ou nan pozisyon kote ou ta dwe ye si diskriminasyon-an pat janm fèt. Ou gen dwa mande pou yo ba ou travay, pwomosyon, reprann ou nan travay-ou, peye ou lajan ou pèdi oubyen lòt rekonpans, oubyen ankò ou ka mande kèk aranjman kap mete w alèz pou w fè travay-la (pami yo, genyen posiblite pou yo mete w travay yon lòt kote). Ou byen kapab mande domaj e enterè pou dedomaje ou pou lajan ou ka pèdi nan lavni, pou soufrans mantal oubyen pou deranjman. Se menm jan tou, li posib pou mèt travay-la sibi plis pinisyon toujou pou lalwa ka make yon egzanp sou li, si li te aji ak mechanste oubyen neglijans. Li posib tou pou ou mande mèt-travay-la remèt ou lajan ou te peye avaka.

Moun kapab jwenn dokiman sa-a tou sou lòt fòma, si yo mande sa.

 

Mas 2000                                                                                                                                        EEOC-FS/HC-5


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page