The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


BON JAN ENFOMASYON SOU DISKRIMINASYON KI BAZE SOU RELIJYON


Tit VII Lwa sou dwa sivik 1964-la defann patwon yo fè diskriminasyon kont moun poutèt relijyon-yo. Lwa-a defann patwon yo fè diskriminasyon lè yap anboche oubyen revoke moun e nan kondisyon yap enpoze lè yap fè anbochaj. Lwa-a egzije patwon yo tou pou yo akomode yon fason rezonab pratik relijyon yon anplwaye oubyen yon kandida pou yon dyòb, sòf si sa ap kreye yon difikilte ki pa nesesè pou patwon-an (gade tou 29 CFR 1605). Men kèk egzanp nan fason patwon yo kapab akomode kwayans relijye yon anplwaye: ba yo orè ki fleksib, pèmèt yo twoke orè ak lòt anplwaye, transfè lateral, e ba yo fè lòt kalte dyòb nan travay-la.

Yon patwon pa kapab fikse dat egzamen ni pwogram aktivite ki tonbe nan menm dat avèk aktivite relijye yon anplwaye oubyen yon posib anplwaye, li pa kapab poze yon aplikan kesyon pou l mande si lap lib pou travay nan lavni e a tèl ou tèl moman, li pa pakab mete restriksyon sou mòd rad anplwaye yo ap mete, ni anpeche yo obsève Saba oubyen fèt relijye, sòf si patwon-an kapab pwouve ke si l pa fè sa, lap fè fas ak yon difikilte ki pa nesesè.

Pou yon patwon di lap fè fas ak difikilte ki pa nesesè si li akomode pratik relijye yon anplwaye, se si, lè li tolere pratik sa-yo, sa koute l plis lajan pase depans administratif nòmal. Yon lòt egzanp difikilte ki pa nesesè, se si lè patwon-an chanje yon bon jan sistèm ansyènte pou l akomode pratik relijye yon anplwaye, li ta refize bay yon lòt anplwaye dyòb oubyen orè ke sistèm ansyènte-a garanti lòt anplwaye-a.

Yo pa kapab egzije yon anplwaye peye kotizasyon nan sendika, si relijyon-li defann peye kotizasyon konsa-yo; men anplwaye sa-a kapab remèt menm valè lajan-an bay yon òganizasyon charite.

Pwogram fòmasyon obligatwa "nouvo laj" ki la pou amelyore motivasyon anplwaye yo, kowoperasyon oubyen pwodiktivite gras a meditasyon, yoga, biofeedback oubyen kèk lòt pratik, kapab an dezakò ak atik anti-diskriminatwa ki nan Tit VII-la. Patwon yo fèt pou akomode nenpòt anplwaye ki avèti yo ke pwogram sa-a kapab yo pa tonbe dakò ak kwayans relijye yo, menm si patwon-an pa ta kwè ke gen yon baz relijye pou objeksyon anplwaye-a.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT

Yon moun kapab pote plent kont diskriminasyon poutèt relijyon nan nenpòt biwo Komisyon Ameriken Sou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Opportunity Commission). Genyen biwo sa-yo nan 50 vil Etazini e ou kapab jwenn nimewo telefòn-yo nan pi fò annyè telefonik lokal yo, nan paj ki bay nimewo Gouvènman Ameriken-an. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou tout lwa ke EEOC-a fè aplike, si ou rele nan nimewo gratis sa-a: 800-669-EEOC. Nimewo gratis TDD EEOC-a, se 800-800-3302.  Ou kapab jwenn paj enfòmasyon sa-a tou sou lòt fòma, si ou mande sa.

Si ou te viktim diskriminasyon sou baz relijyon, ou merite yon soulajman oubyen yon reparasyon ki pou mete w nan pozisyon ou tap okipe si ou pat viktim diskriminasyon-an. Ou kapab merite pou yo anboche ou, pou yo ba ou pwomosyon, pou yo repran ou nan travay-la, peye ou lajan yo pat peye ou oubyen lòt rekonpans, oubyen aranjman rezonab tankou ba wou yon lòt pozisyon. Ou kapab jwenn tou domaj-enterè pou dedomaje w pou lajan ou deja pèdi, pou lajan ou ka pèdi nan lavni e pou soufrans mantal ak kontraryete. Kapab gen plis pinisyon toujou, si yon patwon te aji avek mechanste ou ak yon endiferans ki pa nòmal. Li posib tou pou yo remèt ou lajan ou depanse nan peye avoka.


Janvye 1994                                                                                                                                                EEOC-FC/HC-3


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page