VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

04 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

5èm. Somè dè Zamerik: Prezidan Obama Anonse yon Reoryantasyon Politik Lèzetazini Vizavi Rès Kontinan an


18-04-2009

Samdi 18 Avril la lidè peyi nan emisfè oksidantal la kòmanse brase lide sou avni kontinan an nan okazyon 5èm somè Amerik yo isit nan Port of Spain, kapitla Trinidad-Tobago. Genyen plizyè kesyon sou kalandriye diskisyon yo, tankou imigrasyon, dwazimen, bon gouvènans, trafik drwòg, krim ak lòt pwoblèm rejyon an ap konfwonte. Dirijan yo ap pwofite some Trinidad la pou yo pran angajman sou fason yo pral dirije pèp yo, malgre pwoblèm yo varye de yon zòn a yon lòt. Tèm somè a--ki se “Asire avni sitwayen yo, chanje lavi yo, kreyasyon richès, sous enèji ak pwoteksyon dwazimen” ta dwe sèvi kòm twal-de-fon gwo rankont rejyonal sa a kap dewoule pou la premyè fwa nan Karayib la.  

Prezidan Barrack Obama anonse peyi-manm G-20 an mete a kote yon fon 1 trilyon dola pou ede peyi kriz ekonomik la afekte yo. Lid ameriken an mande kongrè a yon lòt fon dijans 448 milyon dola kòm asistans pou peyi nan emisfè a.An plis de fon sa a, Etazini ap lanse yon pwogram 30 milyon dola ranfòse sekirite nan Karayib la pou ede peyi nan rejyon an  nan lit yap mennen kont trafik dwòg. Sou kesyon Kiba a, Misye Obama anonse administrasyon n nan pare pou l angaje negosyasyon avèk La Avàn sou yon seri de kesyon enpòtan tankou trafik dwòg, demokratizasyon, imigrasyon, elatriye. Lidè kiben an, Raul Castro, pa pèdi tan pou l di li byen akeyi anons sa a; men se pou tout bagay fèt ak onè respè. 

Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, bo kote pa l,  fè konnen listwa pap padone Prezidan Obama si l pa leve anbago kap peze sou Kiba a, paske se tout lòt peyi nan emisfèkap mande sa e menm majorite pèp ameriken an an favè yon desizyon konsa.

 

Chávez dá livro de presente a Obama. (Foto AP)
"Mwen vle vin zanmi ou" Deklarasyon Hugo Chavez pou Barack Obama.
-------------------------------------------------------------

Peyi CARICOM yo, bò kote pa yo, fè konnen pozisyon yo pa chanje sou dosye Kiba a. Sa nou vle di se pou gen dyalòg epi pou anbago a leve. « Se te pozisyon nou sa, e li pa chanje », deklarasyon Premye Minis Sen Vensan e Grenadin nan, Ralph Gonzalves, ki te patisipe nan yon rankont preliminè plizye lidè Mache Komen Karayib te fe ak tout pòt fèmen.  Prezidan Gayana a, Barrat Jagdeo, di dirijan Karayib yo ap gen yon menm pozisyon sou pwoblèm yap konfronte an komen.

 ------------------------------------------------------------------

Nan somè Port-of-Spain nan, atansyon patisipan yo santre sou prezans 2 pami lidè emisferik-yo : Barack Obama pou Etazini avèk Hugo Chavez pou Venuela ki te premye lidè ki antre nan sal kote somè a ap dewoule a, nan Otèl Hyatt nan kapital Trinidad-Tobago a. Diyitè yo te defile youn apre lòt ak sòlda lame Trinidadyèn nan kòm pòt drapo.

Avan inogirasyon somè a, manm sosyete sivil la, jèn antreprene yo, ak sektè prive a te reyini pou fè deba antre yo epi fè rekòmandasyon sou fason yo ta renmen wè lidè yo konpòte yo sou pouvwa. Rekòmandasyon sa yo konsènen divès domèn ; pami yo nou jwenn respè dwa moun, transparans, lit kont koripsyon, yon patisipasyon elaji pèp la nan desizyon otorite yo ap pran nan wo nivo pouvwa a, san bliye pwoblèm chomaj, krim ak lòt pwoblèm kap trakase peyi yo nan emisfe a. Patisipan nan fowòm sa-yo mande pou ta gen yon mekanis kotwòl pou garanti aplikasyon rekòmandasyon yo. Yo soumèt doleyans sa yo bay Minis Afè Etranjè ki nan chak delegasyon yo nan fen asanble ki te fèt pou mete fen nan rankont sa yo.

------------------------------------------------------------------

Asistan Sekretè Jeneral l’OEA a, Albert Randim, deklare pèp nan rejyon ap tann rezilta pozitif yo espere ki va sòti somè a. Msye Randim --ki te pran la pawòl devan yon gwoup ki reprezante sektè prive a-- di eta-manm KARIKOM yo dwe pwofite somè a pou yo chache konnen jijan yo pral konfwonte defi ki devan yo jounen jodiya,  sòti nan kriz ekonomik mondyal la, pase pan chomaj, kriminalite, trafik dwòg, pou rive nan sikilasyon zam ilegal ak depòtasyon masif sitwayen yo kap viv ilegalman nan lòt peyi.

5èm Somè dè Zamerik, ki kòmanse vandredi 17 avril la,  ap pran fen dimanch 19 avril 2009 la.  

.

Jean Robert Philippe(jphilipp@voanews.com)

VOA Creole

Port of Spain


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl