VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

06 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Semi Final Koup Karayib la


06-05-2009

 Foutbòl/ KONKAKAF

Nan eliminatwa lig chanpyon KONKAKAF pou zòn KARAYIB la semi final la ap mete fas a fas 15 Me kap vini la a nan Trinidad and Tobago Tanpèt de Sen Mak fas ak klub Porto Riken Puerto Riko Islanders epi W Connection fas a San Juan Jabloteh 2 klub Trinidadyen. Responsab Tanpèt de Sen Mak yo fè soti yon nòt pou mande supò piblik la, responsab yon an gouvènman an ak sektè prive a pou pèmèt yo jwen lajan pou kouvri frè vwayaj ak lòt depans. 3 premye yo ap kalifye pou lig chanpyon sezon 2009-2010 la.

Klike sou lyen ki anlè adwat la pou tande entèviou antrenè Wilkens ak Bendji

Foutbòl/ Eròp

Chanpyon sòtan lig foutbòl Eropeyen an Manchester United pral defann tit li nan vil Wòm 27 Me kap vini la a apre swif 3 a 1 yo pase Arsenal yè Madi a nan semi final retou a. Cristiano Ronaldo make 2 gòl nan viktwa a. Manchester United ap rankontre venkè rankont semi final kap jwe jodi a ant FC Barselòn ak Chelsea. 2 ekip yo te fè match nul 0 a 0 nan match ale a.

Foutbòl/ Etazini

DC United ap rankontre aswè a Kansas Citi nan Arrowhead Stadium nan Kansas City. Yon viktwa ap pèmèt DC United kenbe tèt klasman jeneral konferans de Lès la ak 15 pwen. Kansas City, ki pèdu sèlman 3 rankont a domisil, kapab rann sitiyasyon an difisil pou D C United. 2 ekip yo ranpòte 2 dènye rankont yo jwe nan MLS la.

Foutbòl/ Rusi

Prezidan Rus la Vladimir Putin bay federasyon foutbòl peyi a supò l pou l chache akeyi koup du mond 2018 la. Gen 13 peyi ki manifeste entansyon pou akeyi koup du mond swa an 2018 ou byen 2022. FIFA ap anonse venkè yo an Desanm 2010.

Baskètbòl

Lebron James make 34 pwen pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte premye rankont seri 7 match semi final konferans de Lès la fas a Atlanta Hawks 99 a 72. James, ki sot resevwa pri pibon pami pibon jwè NBA pou sezon regilye a, trape balon an 10 fwa, fè 3 pas ki make pwen epi vòlè balon an 4 fwa. Nan konferans de Lwès la Carmelo Anthony make yon total 25 pwen nan viktwa 117 a 105 Denver Nuggets devan Dallas Marvericks.

Natasyon/ Phelps

Najè ameriken Michael Phelps, ki sot ranpòte 8 meday dò nan je zolenpik Peken yo an 2008, ap rekòmanse konpetisyon apre li finn purje 3 mwa suspansyon. Federasyon Natasyon ameriken an te sispann najè a apre yon magazin te pibliye foto l ak yon pip kap fimen marijuana. Phelps te prezante ekskuz malgre li pa janm rekonèt li tap fimen marijuana.

Foutbòl Ameriken

Veteran foutbòl zèpòl kare ameriken Brett Favre ap anvizaje pou l jwe yon 19 vièm sezon nan chanpyona foutbòl ameriken an. Favre gen pou rankontre antrenè Minnesota Vikings nan fen semen nan.

 


Download Entèviou ak Wilkens, Bendji
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Entèviou ak Wilkens, Bendji
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl