VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

01 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Aktyalite Spòtif pou Jodi 1 Me a


01-05-2009

Baskètbòl/US 

Chikago Bulls fòse yon 7 tièm match desiziv ant li menm ak Boston Celtics apre viktwa de justès Bulls yo ranpòte 128 a 127 apre 3 pwolongasyon. Joakim Noah volè yon balon—travèse tout teren pou l make yon 2 pwen epi make yon penalite pou kore viktwa a. Sa fè 4 trièm match nan premye tou faz final la ki fini an pwolongasyon. Orlando Majik kalifye pou 2 zièm tou a apre yo elimine Philadelphia 76ers 114 a 89 malgre absans Dwight Howard ki tap purje suspansyon 1 match. Majik yo ranpòte seri a ak 4 viktwa kont 2 defèt. Nan konferans de Lwès la Portland Trail Blazers elimine apre yo tonbe devan Houston Rockets 92 a 76. Houston pral rankontre Los Anjeles Lakers nan pwochen tou a kap kòmanse Lendi.

Derrick Rose kap jwe nan Chikago Bulls ak O J Mayo kap jwe nan Memphis Grizzlies non-men kòm meyè debitan nan seleksyon ekip NBA pou sezon 2009 la. Lòt jwè ki fè pati ekip debitan yo Russell Westbrook kap jwe nan Oklahoma City Thunder. Brook Lopez kap jwe nan New Jersey Nets epi Michael Beasley kap jwe nan Miami Heat.

Meyè ekip debitan pou 2 zièm ekip la se Eric Gordon kap jwe nan Los Anjeles Clippers. Kevin Love kap evolye nan Minnesota Timberwolves. Mario Charlmers kap jwe nan Miami Heat. Mark Gasol ki soti nan Memphis Grizzlies. Rudy Fernandez kap evolye nan Portland Trailblazers epi D.J. Augustin kap jwe nan Charlotte Bobcats.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskilen an Espayòl kalifye pou semi final tounwa tenis kap dewoule nan vil Wòm an Itali. Nan semi final la Sèb Novak Djokovic pral rankontre Swis Roger Federer. Nadal ap rankontre venkè rankont kap jwe ant chilyen Juan Gonzalez ou byen arjanten Juan Monaco.

Nan vil Stuggart an Almay Rus Elena Dementieva rive nan semi final tounwa a apre li franse Marion Bartoli. Dementieva pral rankontre ak Rus Svetlana Kuznetsova

Foutbòl/ KONKAKAF

Jodi Vandredi 1 Me a nan vil Sen Mak match retou kar de final eliminatwa lig chanpyon KONKAKAF la pou zòn Karayib ant Tampèt de Sen Mak ak Green Bay Hooper de Antigua e Barbuda. Nan match ale a Tampèt de Sen Mak te ranpòte l an deplasman 4 a 0.

 

 


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl