VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

22 Avril 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Ansyen Prezidan Kiben Fidel Castro Soutni Pwopozisyon Dyalòg ak Etazini Prezidan Raul Castro a


22-04-2009
Ansyen prezidan kiben Fidel Castro fè konnen prezidan ameriken an, Barack Obama, mal entèprete deklarasyon ti frè l' la, prezidan Raul Castro, ki te lese kwè ka gen yon deblokaj nan
Fidel Castro (file photo)
Fidel Castro (foto achiv)
relasyon ant 2 nasyon rival yo. Nan yon dokiman ki soti yè madi a sou sit entènèt gouvènman kiben an, Fidèl di pwopozisyon Raul fè pou ta gen chita-tande ak nouvo gouvènman ameriken an, se yon demonstrasyon bravou ak konfyans nan prensip revolisyon ki te pèmèt gouvènman kominis la monte sou pouvwa a nan zile a an 1959. 

Pandan Somè ALBA a (Altènativ Bolivaryèn pou Amerik yo) ki te reyini lidè gochis nan Amerik Latin nan nan Venezuela, Prezidan
El presidente cubano, Raúl Castro (Foto AP).
Prezidan kiben an, Raúl Castro (Foto AP).
Raul Castro te deklare "La Avàn pare pou diskite sou nenpòt ki sijè ak Washington--pami yo, kesyon dwazimen ak prizonye politik yo. 

Deklarasyon sa yo se te yon repons apre desizyon mesye Obama pran pou l' leve restriksyon sou vwayaj ak transfè lajan kiben-ameriken yo ap fè nan direksyon nan peyi Kiba.

Barack Obama in Columbia, South Carolina, 25 Jan 2008
Prezidan Barack Obama
Dimanch dènye, pandan kloti Somè Dèzamerik la nan Trinidad-Tobago, mesye Obama te salye jès tokay kiben li an. Sepandan, lidè ameriken an lanse apèl bay gouvènman kominis la pou l' pran lòt mezi, tankou liberasyon prizonye politik ak rediksyon frè sou transfè lajan kiben-ameriken Ozetazini ap voye bay fanmi yo kap viv Kiba. Fidel Castro, bò kote pal, demanti nan atik li a ouvèti sa yo, lè l di se Lèzetazini---non pa Kiba---ki ta dwe fè lòt konsesyon. 

Etazini toujou kenbe yon anbago komèsyal li enpoze sou Kuba depi 1961. 


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl