VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

01 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Yon Kaptenn Bato Kago Ameriken Toujou Otaj Pirat sou Kòt Somali -- Preokipasyon nan Washington


10-04-2009

An undated image made available in London, 08 Apr 2009 by Maersk Line, shows the container ship Maersk Alabama
Yon dènye foto bato kago ameriken Maersk Alabama (foto sa a parèt nan vil Lond, ann Angletè, mèkredi 9 avril 09).
Jous maten jounen vandredi 10 avril 2009 la, nouvèl yo te fè konnen potko gen yon solisyon pou sitiyasyon kote pirat pran ann otaj kaptenn bato kago ameriken Maersk Alabama, tou prè kòt peyi Samali. Nan Washington D.C, daprè youn nan 2 gwo otorite nan gouvènman Obama a ki pale de kriz la, sitiyasyon sa a montre nesesite pou plis peyi demokratik patisipe nan efò kap fèt pou ofri plis sekirite pou bato kap pase sou kòt ès-afriken yo. 

Si Sekretè Deta Hillary Clinton pale konsa pou l bay yon opinyon kare sou kesyon an, nan deklarasyon Minis Defans la Robert Gates fè bay laprès, li montre enpòtans otorite ameriken yo bay sekirite kaptenn ki prizonye anba men pirat yo.

Si w vle koute devlopman nouvèl sa a e plis ke sa toujou, ale sou sit entènèt Lavwadlamerik la, klike sou "Pwogram Maten an", jou "Vandredi"...


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl