VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

07 Avril 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Vizit Sipriz Prezidan Obama Nan Baghdad


07-04-2009

Pres. Barack Obama is greeted by Gen. Ray Odierno, top US commander in Iraq, as he arrives in Baghdad, 07 Apr 2009
Jen. Ray Odierno, Kòmandan twoup Etazini yo nan Irak, akeyi Prez. Obama nan Baghdad, 07 Avril 2009 la
Prezidan Barack Obama fè yon vizit sipriz ann Irak jodi a, apre li te soti nan La Turquie. Msye Obama di rete anpil travay ki pou fèt ann Irak. Se premye vizit li nan peyi sa a depi li te moute Prezidan, yon vizit ki rive apèn kèk èdtan apre yon eksplozyon bonm nan yon machin pran lavi 8 moun nan Baghdad.

Prezidan Obama rankontre dirijan militè ameriken yo ak sòlda yo nan yon baz ki rele Camp Victory (Kan Lavikwa). Li fè chita-tande ak Premye-Minis Nouri al-Maliki nan baz la tou.

Anvan etap Irak la, nan dezyèm jounen Prezidan ameriken an nan La Turquie, li te patisipe nan yon "ti koze anba tonnèl"--yon 'Libre Tribune'-- ak yon gwoup etidyan nan vil Istanboul.

Msye Obama di etidyan sayo, “Mwen vle nou konnen ke mwen pran angajman pèsonèlman pou m’tanmen yon nouvo chapit nan relasyon Etazini ak lòt peyi. Nou senpleman pa ka pran chans mal kominike, konsantre sou sa ki divize nou, ni kite miray mefyans drese antre nou."

Pou w ka koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la

 



Download Repòtaj VOA Sou Vizit Prezidan Obama a Nan Istanboul
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj VOA Sou Vizit Prezidan Obama a Nan Istanboul
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl