The U.S. Equal Employment Opportunity Commission
Kesyon Ak Repons Pou Ti Biznis Sou Responsablite
Mèt Travay-yo Lè Yon Sipevizè Komèt
Nwizans
Tit VII Lwa sou Dwa Sivik-la (Tit VII) defann nwizans kont yon
anplwaye poutèt ras-li, koulè-li, sèks-li,
relijyon-n oubyen peyi kote li moun. Lwa sou Diskriminasyon nan
Travay poutèt Laj-la (EDEA) defann nwizans kont anplwaye
ki gen 40an oubyen plis poutèt laj-yo, e Lwa Sou Ameriken
Andikape-yo (ADA) defann nwizans ki baze sou andikap. Tout
règleman anti-diskriminatwa ke EEOC fè aplike yo,
se règleman ki defann revanch poutèt yon moun ta
plenyen kont diskriminasyon oubyen li ta patisipe nan demach ki
fèt pou pote plent kont sa.
Nan mwa jen 1998, Tribinal Siprèm-nan te pase 2 gwo
desizyon ki eksplike ki lè lalwa kapab kenbe mèt
travay-yo kòm responsab nwizans ilegal ke sipevizè
komèt. Gid EEOC sou Responsablite Mèt travay nan
Nwizans Sipevizè komèt, se yon dokiman ki analize
desizyon sa-yo e ki ofri konsèy pratik sou devwa
mèt travay-yo genyen pou yo anpeche e korije nwizans, e
sou devwa anplwaye-yo genyen pou yo evite nwizans; pou
anplwaye-yo fè sa, yo ka sèvi ak metòd
travay-la ba yo pou pote plent.
-
Kilè nwizans vyole lwa federal-yo?
- Nwizans vyole lwa federal-yo si li fèt sou fòm diskriminasyon
ki baze sou ras, koulè, sèks (avèk ou san konpòtman
seksyèl), relijyon, orijin nasyonal (peyi viktim-nan), laj, andikap,
ou paske anplwaye-a pa dakò ak diskriminasyon nan travay osinon
li te patisipe nan yon ankèt oubyen yon demach pou pote plent dapre
règleman EEOC-yo. Lwa federal-yo pa defann ti plezantri senp, ti
kòmantè ki fèt san touche kò moun-nan, oubyen
ti zak izole ki pa twò serye. Fòk konpòtman-an repete
souvan ase oubyen fòk li grav ase pou l kreye yon anviwonnman ki
anpeche viktim-nan fè travay-li byen, oubyen fòk li debouche
sou yon "aksyon klè ki gen rapò ak travay-la", tankou anbochaj,
revokasyon, pwomosyon oubyen yon desizyon pou fè viktim-nan pèdi
sou grad-li.
-
Eske Gid-la aplikab sèlman pou nwizans seksyèl?
- Non, li aplikab pou nenpòt nwizans ilegal.
-
Ki lè yon mèt travay pote yon responsablite legal pou nwizans
yon sipèvizè komèt?
- Yon mèt travay toujou pote yon responsablite legal pou nwizans
yon sipèvizè komèt, si nwizans sa-a debouche sou
yon aksyon klè ki gen rapò ak travay-la. Si nwizans-la pa
debouche sou yon aksyon klè ki gen rapò ak travay-la, mèt
travay-la genyen yon responsablite, sòf si li rive pwouve ke: 1)
li te pran dispozisyon rezonab pou l te evite e korije rapidman nenpòt
kalte nwizans; epi 2) anplwaye ki viktim-nan pat pote plent bay direksyon
travay-la (alòske li te gen tout posiblite pou l fè sa),
oubyen li pat pran lòt prekosyon pou li pat viktim.
-
Ki moun lalwa konsidere kòm yon "sipèvizè" lè
yap detèmine responsablite yon mèt travay?
- Lalwa konsidere yon moun kòm yon "sipèvizè" si
moun sa-a genyen otorite pou l rekòmande aksyon klè ki gen
rapò ak travay-la e ki kapab gen konsekans sou anplwaye-yo, oubyen
si moun sa-a genyen otorite pou dirije aktivite anplwaye-yo ap mennen
chak jou nan travay-la.
-
Sa yon "aksyon klè ki gen rapò ak travay-la" ye?
- Yon "aksyon klè ki gen rapò ak travay-la" vle di yon gwo
chanjman nan wòl yon anplwaye nan travay-la. Pami egzanp-yo, genyen
anbochaj, pwomosyon, desizyon pou bese grad yon anplwaye, pou ba l fè
lòt travay san l pa vle, yon desizyon ki lakòz gwo chanjman
nan avantaj li jwenn, desizyon sou konpansasyon, epi desizyon bay tèl
anplwaye fè tèl travay.
-
Kijan nwizans kapab debouche sou yon aksyon klè ki gen rapò
ak travay-la?
- Sa kapab rive si yon sipèvizè revoke yon anplwaye-fi ki
anba direksyon-li (oubyen si li bese grad anplwaye sa-a), paske anplwaye
a refize avans seksyèl-li, oubyen si li bay anplwaye-fi sa-a pwomosyon
paske anplwaye a satisfè demann seksyèl-li.
-
Kisa mèt travay-yo ta dwe fè pou yo evite e korije nwizans?
- Mèt travay-yo ta dwe etabli yon politik ki defann nwizans epi
mete anplas yon metòd pou moun pote plent; an menm tan-an tou,
fòk yo fè tout anplwaye yo konnen politik sa-a la, epi fòk
yo swiv li. Nan pi fò ka-yo, ni politk sa-a, ni metòd-la
fèt pou vini sou fòm ekri.
- Ti biznis-yo kapab sèvi ak mwayen ki mwen fòmèl
pou yo wete sou do-yo responsablite yo genyen pou evite e korije nwizans.
Pa egzanp, si yon biznis piti ase pou pèmèt pwopriyetè-a
kenbe yon kontak regilye ak tout anplwaye, pwopriyetè sa-a kapab
pwofite lè li nan reyinyon ak ekip travay-la pou l di yo konsa
nwizans se yon bagay ki defann, anplwaye-yo fèt pou rapòte
tout konpòtman konsa san pèdi tan, epi yo kapab kontakte
"mèt travay-la menm" dirèk pou yo pote nenpòt ki
plent. Si mèt travay-la mennen ou fè mennen yon ankèt
rapid, total e san gade sou moun-pa, sou nenpòt ki plent li resevwa,
e si li pran aksyon apwopriye e rapid pou l korije sitiyasyon-an, li ranpli
responsablite li genyen pou li "pran dispozisyon efikas pou evite e korije
nwizans".
-
Kisa yon moun ta dwe jwenn nan yon politik kont nwizans?
- Tout politik kont nwizans yon mèt travay vle tabli, fòk
se yon politik ki pale klè pou di mèt travay-la pap tolere
nwizans ki baze sou ras, sèks, relijyon, orijin nasyonal, laj oubyen
andikap, oubyen nwizans ki baze sou opozisyon kont diskriminasyon osinon
sou patisipasyon yon moun nan demach pou pote plent. Politik sa-a fèt
pou presize tou ke mèt travay-la pap tolere revanch kont okenn
moun ki pote plent kont nwizans ou ki patisipe nan yon ankèt sou
sa.
-
Kisa yon demach pou pote plent dwe gen ladan kòm eleman enpòtan?
- Mèt travay-la ta dwe ankouraje anplwaye-yo pou yo rapòte
yon zak nwizans bay direksyon travay-la anvan zak sa-a vin grav oubyen
anvan li gaye nan tout travay-la.
- Mèt travay-la ta dwe nonmen omwens 2 moun pou resevwa plent,
e li ta dwe pran dispozisyon pou biwo moun sa-a yo nan yon pozisyon nan
travay-la kote tout moun ka antre fasil. Mèt travay-la genyen tou
pou l pase lòd bay tout sipèvizè-yo pou yo rapòte
tout plent kont nwizans bay otorite ki la pou sa.
- Mèt travay-la fèt pou bay anplwaye-yo garanti lap fè
tout sa k posib pou l pwoteje karaktè sekrè tout plent kont
nwizans.
-
Si yon metòd mande pou anplwaye-yo pote plent kont nwizans devan
sipèvizè dirèk -yo, èske se yon bon metòd?
- Non, paske li posib pou se sipèvizè-a menm kap komèt
zak nwizans-la, oubyen sipèvizè kapab nan gade sou moun-pa.
Li ta toujou bon pou mèt travay-la chwazi omwens yon otorite andeyò
gwoup moun ki sou tèt anplwaye ki swadizan viktim-nan, pou resevwa
plent, yon fason pou li ganranti ke plent-la pral jwenn yon trètman
san gade sou moun-pa.
-
Kijan yon mèt travay ta dwe mennen ankèt sou yon plent kont
nwizans?
- Yon mèt travay ta dwe mennen yon ankèt rapid, total e
gade sou moun-pa. Moun ki te swadizan komèt nwizans-la pa dwe gennyen
okenn kontwòl (dirèk ou endirèk) sou ankèt-la.
- Anketè-a ta dwe fè entèvyou avèk anplawye
ki pote plent kont nwizans-la, avèk swadizan moun ki komèt
zak-la, e ak lòt moun ki byen plase pou yo genyen enfòmasyon
sou zafè-a. Gid-la bay egzanp sou kesyon egzak ki apwopriye pou
anketè-a poze.
- Anvan mèt travay-la mete fen nan ankèt-la, li ta dwe pran
dispozisyon pou l garanti ke zak nwizans-la pap kontinye. Si li nesesè
pou separe 2 moun ki mele nan zafè-a, desizyon sa-a pa ta dwe reprezante
yon tèt-chaje pou anplwaye ki te pote plent kont nwizans-la. Tout
desizyon pou tranfere pleyan-an san li pa vle kapab reprezante yon revanch
ilegal. Pami lòt egzanp desizyon pwovizwa, genyen chanjman orè
pou evite kontak ant 2 moun-yo, oubyen desizyon pou mete moun ki swadizan
komèt nizans-la an disponiblite pandan li konitnye touche e pandan
moun ap tann rezilta ankèt-la.
-
Kijan yon mèt travay fèt pou l korije nwizans?
- Si yon mèt travay fin pa reyalize ke te genyen nwizans vre, li
ta dwe pran dispozisyon touswit pou l mete fen nan nwizans-la e jwenn
garanti ke sa pap rive ankò. Tout desizyon pou pini koupab-la fèt
pou koresponn avèk gravite zak-la. Se konsa tou, mèt travay-la
fèt pou l korije konsekans nwizans-la; pou l fè sa, pa egzanp,
li kapab re-bay tout tan-pou-konje moun te pran akòz nwizans-la
epi wete nan dosye pèsonèl anplwaye-a move nòt ki
te antre ladan akòz nwizans-la.
-
Eske gen lòt dispozisyon mèt travay-yo kapab pran pou yo
evite e korije nwizans?
- Yon mèt travay dwe korije tout nwizans, depi li parèt
klè ke nwizans sa-a pa resevwa yon bon akèy, kit genyen,
kit pa genyen plent kont sa. Pa egzanp, si genyen nan travay-la grafiti
avèk kalifikatif rasyal ou seksyèl, direksyon travay-la
pa fèt pou l rete tann yon plent anvan li efase grafiti sa-a.
- Yon mèt travay ta fèt pou gen garanti ke sipèvizè-yo
ak manadjè-yo konprann responsablite-yo dapre politik tarvay-la
swiv kont nwizans e dapre metòd li genyen pou moun pote plent kont
sa.
- Yon mèt travay fèt pou l mennen bon jan ankèt sou
aplikan pou dyòb sipèvizè, pou wè si yo pa
gen abitid komèt nwizans. Si repons-la se "wi", epi mèt
travay-la anplwaye yon moun konsa, li dwe pran dispozisyon pou l swiv
aksyon moun sa-a ap poze yon fason pou evite nwizans.
- Yon mèt travay dwe kenbe kèk dosye sou plent kont nwizans
epi konsilte dosye sa-yo lè li resevwa yon plent kont nwizans,
de kwa pou l ka wè si moun yo akize-yo pa genyen plizye plent kont
yo pou menm zak-la.
-
Eske yon anplwaye (fi ou gason) ki sibi nwizans anba men sipèvizè-li,
genyen pwòp responsablite pa-l?
- Wi. Anplwaye-a fèt pou l pran tout dispozisyon rezonab pou anpeche
nwizans-la fè l soufri. Nòmalman, pou anplwaye-a egzèse
responsablite sa-a, li sèvi ak metòd travay-la genyen pou
moun pote plent.
-
Eske lalwa konsidere yon mèt travay responsab pou nwizans yon sipèvizè
komèt, si anplwaye ki viktim-nan pat sèvi ak metòd
travay-la genyen pou moun pote plent?
- Non, sòf si nwizans-la debouche sou yon aksyon klè ki
gen rapò ak travay-la, ou si li te rezonab pou anplwaye-a pat pote
plent bay direksyon travay-la. Li rezonab pou yon anwlaye (gason kou fi)
pat pote plent si, pa egzanp, li te genyen yon lapèrèz lejitim
kont zak revanch. Se mèt travay-la ki genyen responsablite pou
l pwouve ke anplwaye-a te aji yon fason ki pa rezonab.
-
Si yon anplwaye (fi kou gason) pote plent kont nwizans bay direksyon travay-la,
èske li fèt pou tann travay-la fini mennen yon ankèt
anvan pou l pote yon akizasyon devan EEOC?
- Sa kapab fè sans pou yon anplwaye rete tann pou l wè si
direksyon-travay-la ap korije yon nwizans anvan li pote yon akizasyon.
Men sèlman, si direksyon travay-la pa aji rapidman pou l mennen
ankèt sou plent-la e pran dispozisyon pou l korije sitiyasyon-an,
lè sa-a, yon akizasyon devan EEOC se kapab yon aksyon apwopriye.
Tan pou yon moun pote yon plent devan EEOC se oubyen 180 jou oubyen 300
jou apre dènye jou swadizan nwizans-la te fèt-la, sa depann
nan ki Eta swadizan zak-la te rive-a. Yo pap pwolonje tan sa-a poutèt
ankèt patwon-an ap mennen sou zafè-a nan travay-la.
Yon moun kapab jwenn plis konseèy sou nwizans nan Gid sou Responsablite
Patwon-yo nan Nwizans Ilegal Sipèvizè komèt, Edisyon
1999; Rekòmandasyon sou Zafè Nwizans Seksyèl, 1980; Deklarasyon
sou Politik konsènan Afè Kourant nan Nwizans Seksyèl,
1990; Deklarasyon sou Politik konsènan Patipri seksyèl, 1990;
epi Gid konsènan aplikasyon desizyon nan ka Harris vs. Forklife Sys.,Inc,
1994. Yon moun ka jwenn tout dokiman sa-yo nan paj Entènèt EEOC-a
(www.eeoc.gov). Ou ka jwenn yo tou si ou rele Sant Distribisyon Piblikasyon
EEOC-a (800-669-3362, oubyen TTY 800-800-3302), oubyen si ou ekri Biwo Kominikasyon
ak Afè Lejislatif EEOC-a, nan adrès sa-a: Office of Communications
and Legislative Affairs, 131 M Street, NE, Washington, D.C. 20507.
EEOC HSQA/HC
This page was last modified on July 21, 2003.
Return to Index Page