VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

27 Avril 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Grip Pòsin nan Meksik la Ka Pran Dimansyon Yon Pandemi Mondyal


25-04-2009

Margaret Chan, WHO director
Margaret Chan, Direktris Òganizasyon Mondyal La Sante
Direktris Òganizasyon Mondyal La Sante (OMS), Margaret Chan, di aparisyon toudenkou grip pòsin nan (ki afekte kochon) peyi Mexique ak nan kèk Eta ameriken, ka pran dimansyon yon pandemi mondyal, men li prese ajoute ke l' two bonè pou konnen si viris la pral gaye vre nan lòt rejyon planèt nou an.

Madan Chan deklare "jan grip pòsin nan ap afekte moun la a, gen posibilite pou l' pran dimansyon yon pandemi. Sepandan, nou pa ka di dapre done, epidemyolojik e klinik nou gen nan laboratwa kounye a, si wi ou non nou an fas yon pandemi". 

Nouvo souch viris grip kochon an, ki reyini jèn viris grip pouso ak grip umen tradisyonèl la e jèn grip poul la deja touye 103 moun nan Meksik sou mil 4 ka responsab lasante yo resanse nan Meksik.

Nan yon telekonferans pou laprès, madan Chan di "se yon typ viris OMS pa finn konnen byen e sitiasyon an ap evolye rapid".

Gen yon Komisyon ki chaje ak espesyalis ki dwe reyini anvan lontan pou gade ki rekòmandasyon yo dwe fè, pa ekzanp ogmante nivo alèt sou pandemi an ki kounye nan nivo 3
Laboratory samples being prepared during development of a bird flu vaccine
Echantiyon nan yon laboratwa pou preparasyon yon vaksen kont grip bèt volay yo. Foto achiv.
sou yon règ ki gradye ant 1 a 6. 

Chan kontinye pou l' di "ann atandan espesyalis laboratwa yo etidye pi plis ka yo resanse yo ak lot done klinik yo, li twò bonè pou OMS fè rekòmandasyon sou vwayaj moun ap fè aletranje.

"Nou poko gen tablo konplè pwoblèm nan ni sou risk li poze, pa ekzanp sou fason lap pwogrese nan zòn kote li deklare yo. Sepandan OMS panse sitiasyon an grav. Men li twò bonè tou pou OMS mande laboratwa ki pwodui vaksen kont grip tradisyonèl la travay sou yon nouvo vaksen ke yo va pwodui avèk nouvo typ virus grip kochon an".

Isit Ozetazini, otorite yo di ka yo anrejistre yo (swa 20 antou) mwen grav ke ka nan Meksik yo, e ke tou le 8 moun ki te devlope maladi a refè kounye a. 

Moun trape grip kochon an lè yo gen kontak ak kochon ki gen viris la, men yo ka trape l' tou nan kontak ak lòt moun ki enfekte. Toutfwa, yo presize okenn nan 8 pasyan yo pat gen kontak ak pouso.

Sentom maladi a sanble ak sentom grip tradisyonèl la. Manifestasyon li se: lafyèv, fatig, kò kraz, mank apeti, tous. Sant Kontwòl Maladi Atlanta a, CDC, di sou sit Web li a gen moun kap soufri ak grip kochon an ki gen "nen kouri dlo", mal gòj, tèt-vire, vomisman ak dyare.

Direktè pwovizwa CDC a, Richard Besser, fè konnen pou kounye a pi fò efò ya p' fè nan sant lan santre sou konprann konpòtman viris la, kouman moun rive trape li e kouman yo ka rive kontwole l'.

Otorite ameriken yo di Mezon Blanch lan ap suiv evolisyon sitiasyon an.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl