skip the banner and go to the navigation, main text area.

Press Release

For Immediate Release
July 6, 2005
Contact: Drew Hammill
202-225-4506

Meek Trouve Lajan pou Asosasyon Ayisyen Ameriken kont Kansè a

Lajan nan eseye adrese diferans nan sante a andan popilasyon ayisyen sid florid la

Miami, FL– Depite Kendrick B. Meek te anonse jodi a kiAsosasyon Ayisyen Ameriken kont Kansè a (HAAAC) te resevwa youn konsesyon pou $238,000 pa Sant pou Maladi Kontrol epi Anpecheman nan. Konsesyon an ki HAAAC te resevwa ap itilize pou edikasyon pou prevni kansè, pou visite dokte chak ane, rechech nan kominite a, epi lòt pwogram pou detekte kansè nan ti ayiti epi lòt kote sid florid nan zòn Miami-Dade, Broward, epi Palm Beach.

“Lentansyon mwen te vize lajan sa yo pou amelyore kondisyon sante nan kominite ayisyen nan, ki gen anpil defi pou batay kansè,” Meek te di. “Ayiti gen mwes pase yon dokte pou chak 10.000 moun, epi gen anpil imigran ki vin isit ki poko gen lasante onèt. Lajan sa a ap ede korekte pwoblem sa a.”

Meek te eksplike tou ki gen anpil pèp ayisyen ki pa cheche sante paske yo pè diskriminasyon oubyen depotasyon.

“Pèp ayisyen epi ayisyen-ameriken nan sid florid gen yon pousantaj pi wo de diyagnostik kansè etap-reta,” te di Jacques Calixte, Direkte Egzekitif de HAAAC. “Depite Meek te jwe yon gwo pati nan trouve konsesyon sa a, ki ap met HAAAC kontinye ofri sèvis a kominite a gratis a tout moun.”

Meek te kapab enklouye konsesyon sa a nan lwa ki finansye Depatman Travay, epi Sante epi Sèvis Iman. Meek te tre enpotan nan trouve lajan konsesyon pou HAAAC depi 1999, le li te sèvi nan Sena d’Etat.

“Travay la de HAAAC espesyal anpil epi tre enpotan pou kominate ayisyen nan, epi konsesyon sa a ap met organizasyon an kontiye devlope,” Meek te di. “M byen kontan pou gen opotinite kontinye ede oganizasyon kominate tre enpotan sa a.

HAAAC sèvi popilasyon pov epi moun san asurance sante nan zòn Broward, Miami-Dade, epi Palm Beach.

In English

-30-