VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

17 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Plis Reyaksyon Sou Dosye TPS Pou Imigran Ilegal Ayisyen yo


11-01-2009

fanm_marlene_bastien_150
Marlène Bastien
Reyaksyon negatif kontinye soti nan mitan lidè kominote ayisyèn yo ozetazini, sitou nan eta Florid, sou desizyon Minis Sekirite Teritoryal la, Michael Chertoff, pran pou refize demand gouvènman ayisyen an te fè l pou imigran ayisyen ki nan papye yo ozetazini benefisye pwoteksyon tanporè (TPS) akoz dezas natirèl Ayiti sot sibi yo ak enpak sou ekonomi peyi a.

Korespondan Yves Mompremier gen deklarasyon Marlène Bastien, responsab FANM (Fanm Ayisyen Nan Miami). Madam Bastien kritike desizyon Washington e li mande pou lòt enstans entènasyonal ta foure bouch yo nan sitiyasyon an, sitou pou sa li rele abi dwa timoun ak paran yo ki twouve yo ap viv san papye nan peyi meriken.

Ou ka koute li si ou fè klik sou ralonj ki adwat atik la.


Listen to This Report Repòtaj Yves Mompremier a
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj Yves Mompremier a
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl