VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

06 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Demach Diplomatik Ap Miltipliye Pou Jwenn Yon Seselfe Nan Gaza


06-01-2009

Syrian Pres. Bashar Assad (R)shakes hands with his French counterpart Nicolas Sarkozy in Damascus, 06 Jan 2009
Nicolas Sarkozy [agoch] ap bay Bashar Assad lanmen nan Damas, 6 janvye 2009 la
Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, vizite vil Damas, kapital La Siri, pou yon lot seri mannèv diplomatik sou kriz MwayennOryan an. Li mande Prezidan siryen, an Bashar el-Assad, pou li sèvi ak enfliyans li sou gwoup Hamas la pou jwenn yon seselfe nan Gaza.

Msye Sarkozy di pa gen solisyon militè ki posib nan Gaza. Li deklare li te bay dirijan izrayelyen yo menm mesaj la yè lendi a. Bò kote pa l', Bashar el-Assad denonse sa li rele agresyon Izrayèl komèt nan Gaza a.


Lidè siryen an di sa kap pase la a se yon krim de gè e Izrayèl vyole Konvansyon Jenèv yo, dapre Amnesty International, toujou selon deklarasyon Bashar al-Assad. Li pale konsa jodi a apre rankont li ak Prezidan Nicolas Sarkozy.

Gouvènman chinwa a, li-menm, lanse yon apèl pou tout konba sispann tousuit nan Gaza. Sepandan pa gen okenn siy ke eta ebre a pral okipe apèl sa yo. Dayè, Hamas nonplis pa sanble li dispoze sispann tire wokèt sou Izrayèl.

Pandansetan, sitiyasyon imanitè a grav nan Gaza, sitou ak fwontyè yo ki fèmen. Ou kapab tande yon rep○taj sou sa si ou fè klik sou ralonj ki anlè atik la.



Listen to This Report Repòtaj VOA Sou Kriz Gaza a
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj VOA Sou Kriz Gaza a
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl