Skip Navigation
acfbanner  
ACF
Department of Health and Human Services 		  
		  Administration for Children and Families
          
ACF Home   |   Services   |   Working with ACF   |   Policy/Planning   |   About ACF   |   ACF News   |   HHS Home

  Questions?  |  Privacy  |  Site Index  |  Contact Us  |  Download Reader™Download Reader  |  Print Print      

 

Office of Refugee Resettlement   Advanced
Search


Elijibilite pou Asistans ak Sèvis

Depatman Lasante ak Sevis pou Moun
Adminitrasyon pou Timoun ak Fanmi yo -

Elijibilite pou Asistans ak Sèvis pou Azilé yo
Pa byè Office of Refugee Resettlement
-Biwo pou ede Refijye etabli nan peyi Meriken-

Eske-m kalifye pou m resevwa benefis nan Office of Refugee Resettlement?

Si yo te ba-w azil politik nan etazini, ou ka kalifye pou resevwa asistans ak sèvis nan Office of Refugee Resettlement (ORR)ORR bay kòb epi li jere plizyè pwogram pou ede refijye, azile ak lòt gwoup espesyal rekòmanse vi yo nan peyi meriken.  Pwogram sila yo bay lajan, asistans medikal, preparasyon pou travay epi yo ede-w chèche travay, ak cour pou ede-w ak anglè.

Ki ajans ki administre pwogram sila yo?

Se leta ak ajans prive nan plizyè kominote nan etazini ki okipe de pwogram sila yo. Chak eta ka genyen plizyè pwogram, men yo ka genyen diferan pwogram ki disponib.  Pou jwenn benefis ki disponib ak ki kote pou ale pou asistans ak sèvis nan eta kote w rete a, tanpri rele:

1-800-354-0365

(apèl sila gratis)

Ou ka ale sou sit entènèt la nan adrès sila: www.acf.dhhs.gov/programs/orr

Pou konbyen tan mwen ka kalifye pou benefis sa yo?

Ou ka resevwa asistans ak sèvis pou yon tan limite. Azilé yo ka aplike pou resevwa kòb ak asistans medikal pou refijye pandan 8 mwa, apati de dat ke yo gen azil la. Lè-w ale nan biwo benefis la pou asistans, fòk ou pote prèv ke yo te ba-w azil politik, ansanm ak prèv dat yo te ba-w azil la. Anplis de prèv ke-w se yon azile, gen lòt egzijans ke-w dwe ranpli pou-w ka resevwa  asistans sila.  Yo va eksplike w tout bagay sila yo lè-w ale aplike. Dòdinè, peryòd elijibilite pou lòt pwogram ORR dire 5 lane.

Eske m kalifye pou lòt benefis?

Ansanm ak sèvis e asistans ORR, ou ka kalifye pou lòt pwogram ke Depatman Lasante ak Sevis pou Moun jere.  Lè-w rive nan biwo benefis sila, mande enfòmasyon sou tout asistans ak sèvis ki ka disponib pou ou.