The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


Kesyon Ak Repons Pou Ti Biznis Sou Responsablite Mèt Travay-yo Lè Yon Sipevizè Komèt Nwizans

Tit VII Lwa sou Dwa Sivik-la (Tit VII) defann nwizans kont yon anplwaye poutèt ras-li, koulè-li, sèks-li, relijyon-n oubyen peyi kote li moun. Lwa sou Diskriminasyon nan Travay poutèt Laj-la (EDEA) defann nwizans kont anplwaye ki gen 40an oubyen plis poutèt laj-yo, e Lwa Sou Ameriken Andikape-yo (ADA) defann nwizans ki baze sou andikap. Tout règleman anti-diskriminatwa ke EEOC fè aplike yo, se règleman ki defann revanch poutèt yon moun ta plenyen kont diskriminasyon oubyen li ta patisipe nan demach ki fèt pou pote plent kont sa.

Nan mwa jen 1998, Tribinal Siprèm-nan te pase 2 gwo desizyon ki eksplike ki lè lalwa kapab kenbe mèt travay-yo kòm responsab nwizans ilegal ke sipevizè komèt. Gid EEOC sou Responsablite Mèt travay nan Nwizans Sipevizè komèt, se yon dokiman ki analize desizyon sa-yo e ki ofri konsèy pratik sou devwa mèt travay-yo genyen pou yo anpeche e korije nwizans, e sou devwa anplwaye-yo genyen pou yo evite nwizans; pou anplwaye-yo fè sa, yo ka sèvi ak metòd travay-la ba yo pou pote plent.

  1. Kilè nwizans vyole lwa federal-yo?


  2. Eske Gid-la aplikab sèlman pou nwizans seksyèl?


  3. Ki lè yon mèt travay pote yon responsablite legal pou nwizans yon sipèvizè komèt?


  4. Ki moun lalwa konsidere kòm yon "sipèvizè" lè yap detèmine responsablite yon mèt travay?


  5. Sa yon "aksyon klè ki gen rapò ak travay-la" ye?


  6. Kijan nwizans kapab debouche sou yon aksyon klè ki gen rapò ak travay-la?


  7. Kisa mèt travay-yo ta dwe fè pou yo evite e korije nwizans?


  8. Kisa yon moun ta dwe jwenn nan yon politik kont nwizans?


  9. Kisa yon demach pou pote plent dwe gen ladan kòm eleman enpòtan?


  10. Si yon metòd mande pou anplwaye-yo pote plent kont nwizans devan sipèvizè dirèk -yo, èske se yon bon metòd?


  11. Kijan yon mèt travay ta dwe mennen ankèt sou yon plent kont nwizans?


  12. Kijan yon mèt travay fèt pou l korije nwizans?


  13. Eske gen lòt dispozisyon mèt travay-yo kapab pran pou yo evite e korije nwizans?


  14. Eske yon anplwaye (fi ou gason) ki sibi nwizans anba men sipèvizè-li, genyen pwòp responsablite pa-l?


  15. Eske lalwa konsidere yon mèt travay responsab pou nwizans yon sipèvizè komèt, si anplwaye ki viktim-nan pat sèvi ak metòd travay-la genyen pou moun pote plent?


  16. Si yon anplwaye (fi kou gason) pote plent kont nwizans bay direksyon travay-la, èske li fèt pou tann travay-la fini mennen yon ankèt anvan pou l pote yon akizasyon devan EEOC?


  17. Yon moun kapab jwenn plis konseèy sou nwizans nan Gid sou Responsablite Patwon-yo nan Nwizans Ilegal Sipèvizè komèt, Edisyon 1999; Rekòmandasyon sou Zafè Nwizans Seksyèl, 1980; Deklarasyon sou Politik konsènan Afè Kourant nan Nwizans Seksyèl, 1990; Deklarasyon sou Politik konsènan Patipri seksyèl, 1990; epi Gid konsènan aplikasyon desizyon nan ka Harris vs. Forklife Sys.,Inc, 1994. Yon moun ka jwenn tout dokiman sa-yo nan paj Entènèt EEOC-a (www.eeoc.gov). Ou ka jwenn yo tou si ou rele Sant Distribisyon Piblikasyon EEOC-a (800-669-3362, oubyen TTY 800-800-3302), oubyen si ou ekri Biwo Kominikasyon ak Afè Lejislatif EEOC-a, nan adrès sa-a: Office of Communications and Legislative Affairs, 131 M Street, NE, Washington, D.C. 20507.

     

    EEOC HSQA/HC 


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page