Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Gouvènman Ayisyen an Pibliye Bilan Viktim Move Tan yo: Pliske 320 Moun Mouri.


12-09-2008
Nouvèl Jounen Vandredi 12 Septanm 2008--telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Nouvèl Jounen Vandredi 12 Septanm 2008--telechaje - Koute (Real) audio clip

People, carrying belongings, cross a street flooded by rain caused by Hurricane Gustav in Port-au-Prince, Haiti, 26 Aug 2008
  Viktim Siklòn ann Ayiti
Nan yon konferans pou laprès Jedi 11 septanm nan nan Pòtoprens, otorite ayisyen yo prezante yon bilan viktim ak dega move tan ki te sakaje peyi Dayiti nan semèn ki pase yo. Daprè bilan sa a, plis pase 320 moun mouri, 50 lòt disparèt e anviwon 185 lòt blese.

Yon lòt kote, nan Dapatman Grand'Ans la, popilasyon sinistre a kòmanse resevwa èd nan men òganizasyon sekou yo. Kèk nan viktim yo pale de sitiyasyon yo nan yon rankont ak korespondan nou nan Jeremi, Luckner Laguerre.

Anfen, ayisyen k ap viv nan Lamatinik mete ansanm ak natifnatal zile a pou yo rasanble pwovizyon ak materyèl pou voye bay viktim siklòn yo ann Ayiti. Fred Williams pale de sa ak ekriven matinikèz Nicole Cage Florentiny.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl